Espas Gerizon Ayisyen Vityèl Lakou Tanama 2026

Virtual Integration Services

Donate Now
View in English

CWS ak Foundation Hope Ayiti ap travay nan kolaborasyon pou ofri espas gerizon vityèl Lakou Tanama pou dyaspora ayisyen ki Ozetazini. Espas gerizon Lakou Tanama yo se kote pou dyalòg ouvè, onèt, ak kouraj pou ede geri chòk (twomatis), fè reparasyon, epi soutni kominote yo nan chemen jistis sosyal, lapè, ak liberasyon kolektif. Modèl vityèl la pèmèt Ayisyen ki nan dyaspora Ozetazini konekte atravè diferan zòn jeyografik, pataje eksperyans yo, epi sipòte youn lòt an Kreyòl.

Lakou Tanama se yon espas sante mantal kominotè ki baze sou prèv, epi se Ayisyen ki kreye l epi dirije l. Tout espas ki òganize atravè kolaborasyon CWS ak Lakou Tanama yo 100% gratis epi ouvè pou manm kominote ayisyen ki gen 18 lane oswa plis.

Vini patisipe nan yon espas:

Si ou kirye, nou ankouraje w vini nan yon Lakou pou fè eksperyans espas la. Espas la konfidansyèl, epi ou envite pou pataje jan ou santi w alèz. Gen kèk akò kominotè y ap prezante nan kòmansman sesyon an.

Èske ou se yon founisè sèvis oswa ou ta renmen li plis? Espas sa yo rezève pou nouvo imigran ayisyen ki nan dyaspora Ozetazini. Nou envite w li plis
sou Lakou Tanama isit la:

Èske ou gen Zoom sou telefòn ou oswa òdinatè ou?

Kalandriye Evènman Lakou Tanama yo:

Chak sesyon dire 90 minit

Sijè: Lakou Tanama
Tan: chak semèn apati lendi 16/2/2026
Rantre nan reyinyon Zoom lan: https://us02web.zoom.us/j/81703676597?pwd=8vEViZYYK1w9LsaPVVmirz9BQTftc7.1
ID Reyinyon: 817 0367 6597
Modpas: 353848

AP VINI BYENTO

Videyo sou Estrateji Pozitif pou Fè Fas ak Sitiyasyon yo:

AP VINI BYENTO

Enfòmasyon pou Kontakte:

Image